Byenvini sou Konta Fasil,
Pwoteksyon done pèsonèl ak done biznis ou enpòtan anpil pou nou. Politik konfidansyalite sa a eksplike ki enfòmasyon nou kolekte, kijan nou itilize yo, ak mezi nou pran pou pwoteje yo.
Lè ou itilize aplikasyon an, sa vle di ou dakò ak tout sa ki dekri nan politik sa a.
Lè ou itilize aplikasyon an, nou ka kolekte kèk enfòmasyon tankou :
a) Enfòmasyon itilizatè an bay :
b) Enfòmasyon teknik :
Konta Fasil pèmèt itilizatè yo anrejistre enfòmasyon sou kliyan yo pou fasilite jesyon kredi, swivi tranzaksyon ak lòt operasyon biznis.
Done sa yo kapab gen ladan :
Itilizatè a responsab pou asire li gen dwa kolekte ak antre enfòmasyon kliyan li yo nan aplikasyon an.
Konta Fasil itilize done sa yo sèlman pou bay sèvis jesyon biznis yo, tankou jesyon kredi, rapò finansye ak analiz operasyonèl. Nou pa itilize done kliyan biznis yo pou piblisite oswa pou vann bay twazyèm pati.
Nou itilize enfòmasyon yo pou :
Nou konprann enpòtans done finansye itilizatè yo. Enfòmasyon ki gen rapò ak :
rete konfidansyèl epi :
Nou pa vann ni lwe done pèsonèl ou. Nou kapab pataje kèk enfòmasyon sèlman :
Pou bay sèvis li yo, Konta Fasil itilize kèk founisè sèvis ekstèn ak patnè teknoloji. Sèvis sa yo ka trete kèk done ki nesesè pou fonksyònman aplikasyon an.
Founisè sa yo kapab gen ladan :
Nou chwazi sèlman sèvis nou konsidere serye epi ki respekte estanda sekirite ak konfidansyalite ki aplikab yo.
Nou mete mezi sekirite rezonab anplas pou pwoteje enfòmasyon yo kont :
Menm jan ak tout sistèm dijital, nou pa ka garanti sekirite total 100%, kidonk itilizatè a responsab pou kenbe modpas li, PIN li ak lòt enfòmasyon otantifikasyon yo konfidansyèl.
Nou konsève done yo pandan tan ki nesesè pou :
Itilizatè yo gen dwa :
Pou nenpòt demann, kontakte nou nan : admin@kontafasil.com
N ap fè tout efò nou pou trete tout demann ou yo nan yon delè ki pa depase 30 jou.
Pou kèk fonksyonalite, Konta Fasil itilize sèvis twazyèm pati tankou Google Firebase, Google Gemini, Groq, DeepSeek oswa lòt founisè teknoloji ki ka trete kèk done nesesè pou:
Rezilta IA yo bay yo se sèlman kòm asistans epi yo pa ranplase konsèy pwofesyonèl nan domèn finans, kontablite oswa legal. Epi rekòmandasyon ki soti nan sistèm entèlijans atifisyèl la pwodwi otomatikman selon done ki disponib yo. Konta Fasil pa garanti presizyon, konplètid oswa pertinans tout rekòmandasyon yo. Itilizatè a rete responsab pou verifye enfòmasyon yo anvan li pran nenpòt desizyon biznis.
Nou kapab itilize kèk done anonim oswa done agregasyon pou :
Done sa yo :
Pa egzanp, nou kapab analize :
Nou kapab pataje done estatistik oswa anonim sa yo ak enstitisyon finansye, òganizasyon rechèch, patnè estratejik, envestisè oswa lòt òganizasyon ki enterese nan tandans ekonomik ak done sou MPME yo. Nou pran mezi rezonab pou asire done sa yo pa kapab itilize pou rekonèt oswa idantifye okenn itilizatè espesifik.
Selon platfòm yo itilize yo, aplikasyon an kapab itilize cookies oswa lòt teknoloji menm jan an pou :
Si w fè peman nan aplikasyon an pou abònman oswa pou nenpòt lòt sèvis, se sèvis peman ekstèn yo (tankou MonCash, Stripe, oswa lòt) ki jere tranzaksyon sa yo. Konta Fasil pa janm estoke okenn kòd sekrè oswa nimewo kat labank sou sèvè pa l.
Ou ka mande siprime kont ou ak tout done ki asosye avèk li nenpòt kilè. Men kijan pou w fè sa etap pa etap :
a) Dirèkteman nan aplikasyon an :
b) Pa imèl (si w pa gen aplikasyon an sou telefòn ou ankò) :
c) Siprime yon pati nan done yo (san efase kont lan) :
Lè sipresyon an finalize, done pèsonèl yo retire oswa anonimize selon obligasyon legal ak teknik ki aplikab yo.
Nou kapab modifye politik konfidansyalite sa a nenpòt kilè. N ap enfòme itilizatè yo sou gwo chanjman yo atravè aplikasyon an oswa pa imèl.
Pou nenpòt kesyon sou politik konfidansyalite sa a oswa sou done ou yo :
Imèl : admin@kontafasil.com
Antrepriz : KONTA FASIL